Si Gouvènman Ameriken an Fèmen, Kisa sa Vle Di pou Anplwaye Federal yo?

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Yon gwo menas ap peze sou gouvènman ameriken an ki kapab fèmen nan moman pa gen okenn siyn ki montre manm Kongrè a (Senatè ak Depite) ta prè pou yo jwenn yon konpwomi sou depans leta federal la, kidonk sou bibjè nasyonal la pou ane fiiskal 2013-2014 la. 2 Chanm yo dwe jwenn konpwomi sa a anvan minui, lendi 30 septanm nan.

Minis Defans ameriken an, Chuck Hagel, lanse yon avètisman bay kongrè a kote, daprè li, politik ping-pong kap fèt sou bibjè a, mennen gouvènman federal la pi prè lè kote li kapab oblije sispann travay. Misye Hagel atire atansyon palmantè yo sou konsekans grav sa l konsidere kòm “move travay yap fè a”; daprè chèf Pentagòn nan, si jwèt sa a kontinye, Lèzetazini pral tounen “yon peyi engouvènab”.

Dènye nouvèl yo fè konnen manm Sena a ap reyini pandan tout apremiidi jounen lendi a –e menm pandan tout rès jounen an, si sa nesesè- pou yo eseye jwenn yon antant ak Chanm dè Reprezantan sou bidjè a anvan minui.