22èm Anivèsè Ranvèsman Gouvènman Prezidan Jean Bertrand Aristide No 1 an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ann Ayiti, plizyè group militan ap manifeste nan jounen lendi 30 Septanb 2013 la pou yo make 22èm anivèsè koudeta militè ki te ranvèse premye prezidan ki eli demokratikman nan peyi a, Jean Bertrand Aristide. Kèk òganizatè di militan yo ap pwofite okazasyon an pou yo denonse sitiyasyon jeneral la nan peyi a e sitou lavi chè a ak to chomaj la ki monte disèt wotè. Genyen nan manifestan yo ki pral mande pou prezidan aktyèl la, Michel Joseph Martelly, kite pouvwa a.

------------------------------------------------------------------------------------------------

Depi kou deta 30 septanm 1991 la, anpil dlo koule anba pon Latibonit la ann Ayiti :

-Prezidan Jean Bertrand Aristide tap genyen pou l ale ann egzil, jiskase yon fòs entènasyonal –avèk Lèzetazni an tèt- tap pral mennen l tounen nan mwa doktòb 1994 pou l te fini manda l la;

-Nan eleksyon prezidansyèl 1995 yo, yon bon kòlèg Misye Aristide –René Garcia Preval- ta pral ranpòte lavikwa pou raplase pè a kòm prezidan Dayiti ;

-5 kan pi ta, nan eleksyon lan 2000 yo, Jean Bertrand Aristide ta pral jwenn yon lòt manda kòm chèf deta ayisyen ; men, anvan li te fini manda sa a, yon soulèvman popilè, ki te gen nan tèt li kèk ansyen manm lapolis ak lame --tankou Guy Philippe ak Jodel Chamblain- ta pral kreye kèk evennmen ki te fòse Misye Aristide kite peyi a. Aprè li, yon gouvènman enterimè avèk ekonomis Gérard Latortue nan tèt li, ta pral pran rèn zafè peyi a.

-An 2005, eleksyon te fèt e se René Gracia Preval, yon fwa ankò, ki ta pral monte sou pouvwa a.

-Epi, aprè dènye eleksyon prezidansyèl la, (sila ki te fèt nan mitan ane 2011 la), se yon « nouveau venu » sou sèn politik la, Michel Joseph Martelly, ki tounen Prezidan Repiblik Dayiti.

------------------------------------------------------------------------------------------

Klike sou “koute” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior sou manifestasyon kap fèt ann Ayiti pou make 22èm anivèse kou deta 30 septanm 1991 la.