Pwogrè Ekonomi Amerikèn nan Pandan 2 Mwa ki Pase yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Bank santral Lèzetazini an, the Federal Reserve Bank, fè konnen ekonomi amerikèn nan anrejistre yon amelyorasyon ki “ant modès e modere” pandan 2 mwa ki pase yo, kote ameriken yo te achte plis machin ak materyèl ki sèvi pou moun fè kay oubyen pou yo mete nan kay.

Daprè rapò Bank Reserve Federal la resevwa nan men 12 prensipal bank rejyonal li yo, konsomatè yo te ogmante depans yo nan peyi a ant kòmansman mwa jiyè a ak fen mwa dout 2013 la.

Nouvèl la fè sonje ke, Ozetazini, depans ki fèt nan fwaye yo reprezantre yon bawomèt enpòtan pou di kijan ekonomi an ap evolye, paske yo reprezante 70 pou san tout aktivite ekonomik yo nan peyi a.

Rapò a fini pa di depans pou achte machin te ogmante preske tout kote Ozetazini. Se konsa, 3 gwo konpayi otomobil -General Motors, Toyota Motor ak Ford Motor- yo tou lè 3 di yo te anrejistre gwo benefis nan mwa dout la. Daprè analis yo, se petèt pi bon mwa pou konpayi sa yo nan 6 ane ki pase yo.