Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap kontinye fè presyon pou Kongrè a apiye plan li genyen pou l lanse yon aksyon militè kont peyi SIri, menmsi kèk palmantè pa aksepte rezondèt plan sa a e nan moman Larisi fè konnen li pa wè byenfonde prèv Washington bay pou l montre Prezidan Bashar al-Assad te fè lame siryèn nan te itilize zam chimik kont pwòp popilasyon l.
Nan yon mesaj prezidan Obama mete nan weekend nan devan pèp ameriken an, li di, menm si li genyen pouvwa legal pou l lanse yon aksyon militè kont Siri, li vle chache jwenn otorizasyon reprezantan pèp la nan Kongrè a pou yon aksyon konsa. Nan jounen lendi 2 septanm 2013 la, lidè ameriken an ap rankontre ak yon manm enpòtan sena a, Jonh McCain, ki gen lontan deja depi lap ankouraje prezidan an pou l pran yon aksyon dyanm kont Siri.
Pou ede n konprann desizyon Misye Obama pran pou l konsilte Kongrè a anvan li pase lòd pou lame amerikèn atake Siri, nou pran kontak ak analis politik Robert Bénodin. Klike sou “Koute” pou w swiv yon ekstrè yon entèvyou li bay Serge Rodriguez.