Manifestasyon Pwofesè Lekòl nan Meksik

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Nan peyi Meksik, plizyè milye pwofesè lekòl ap pwoteste kont politik refòm gouvenman an ki ka lakòz yo pèdi djòb yo.

Manifestasyon sa yo ap fèt depi yon semèn, e sa vin kreye pwoblèm nan vwayaj moun ap fè ozalantou kapital la, Meksiko.

Sendika pwofesè yo pa dakò ak egzijans gouvènman an fè pou anseyan yo sibi yon egzamen, yon fason pou mezire konpetans pwofesè yo.

Anseyan yo di gouvènman an ta dwe genyen evalyasyon paran ak etidyan yo fè sou kapasite yo nan pwosesis la.

Gouvènman an fè konnen pwofesè ki pa pase egzamen sa a, yo pral ba yo yon travay ki pa gen rapò ak anseye etidyan