Aprè amerikèn dorijin ayisyèn, Lucie Tondreau, fin ranpòte eleksyon pou pòs majistra vil North Miami nan eta Florid, li bay kolaboratè nou Serginho Lindor yon entèvyou kote yo pale de kolaborasyon ki posib ant mèri vil North Miami an ak kèk mèri nan pei Dayiti. Serginho Lindor se direktè enfòmasyon nan Tele Nasyonal ann Ayiti, e manm ekip jounalis Radyo Limyè nan Pòtoprens.
Li twouve l nan Lavwadlamerik kote lap satisfè ekzijans pwogram metriz nan jounalism Inivèsite Kiskeya mete sou pye nan tèt-kole ak Lekòl Jounalism CFPJ a, oubyen Sant Fòmasyon Pwofesyonèl pou Jounalis nan vil Pari, nan peyi Lafrans. Nou pwopoze oditè yo koute entèvyou Jounalis Lindor ak Majistra eli Lucie Tondreau.