Larisi fè konnen gouvènman siryen an dakò, an prensip, pou l patisipe nan yon konferans entènasyonal sou lapè nan Siri; se Washington ak Moskou ki pwopoze konferans sa a pou patisipan yo abòde avni peyi Siri.
Yon pòtpawòl ministè afè etranjè ris la, ki t p pale de dosye a byen bonè vandredi 24 me 2013 la, fè konnen Damas di li aksepte reponn prezan nan konferans la ki pral dewoule mwa pwochen an nan vil Jenèv, nan peyi Laswis.
Sepandan, daprè pòtpawòl la, li enposib pou yo fikse yon dat presi pou konferans la, paske moun poko konnen egzatteman kilès ki pral pale nan non opozisyon siryèn nan.