Ozetazini ajans nouvèl Associated Press (AP) fè konnen gouvènman ameriken an sezi 2 mwa dosye apèl telefonik jounalis ak redaktè an chèf ajans la. Vis prezidant e prensipal redaktè an chèf AP a, Madam Kathleen Carroll, di ajans la aprann nouvèl la aprè gouvènman an te fin poze aksyon an. Madam Carrol di:
“Vandredi, nou te resevwa yon nòt ki te sòti nan Depatman Jistis la pou fè n konnen yo te sezi dosye 20 liyn telefonik nou, ki montre travay ak konvèsasyon pèsonèl 20 jounalis kap travay pou AP e ki konekte biwo ajans la ak divès lòt biwo.”
Dosye sa a te kouvri yon peryòd 2 mwa nan kòmansman janvye 2012 e yo genyen ladan yo konvèsasyon ak travay ki te fèt nan biwo AP genyen nan vil New York, Washington ak vil Hartford, nan Eta Connecticut. Kathleen Carroll kontinye pou l di :
« Yo pa di nou kisa yap chache, e yo pa eksplike non plis poukisa yo pat di nou sa davans. Daprè avoka nou yo, yon anons davans se yon bagay ki toujou fèt nan ka sa yo; se menm yon egzijans legal.”
Daprè yon repòtaj Associated Press pibliye sou afè a, otorite ameriken yo te anonse Depatman Jistis Lèzetazini an te ouvè yon ankèt kriminèl sou kesyon pou konnen kilès ki te bay AP enfòmasyon pou ajans nouvèl la te ka ekri yon repòtaj, nan mwa me 2012, sou yon operasyon CIA te mennen nan peyi Yemèn e ki te rive dejwe yon konplo rezo teworis al-Kayda te mete sou pye pou l te fè bonm eksploze. Kabinè avoka ki reprezante gouvènman ameriken an fè konnen li toujou pran anpil prekosyon lè lap jere dosye ki gen rapò ak laprès; men li pa di si li tap pale de dosye Associated Press la.