Larisi-Izrayèl/Diplomasi: Rankont Prezidan Putin ak Premye Minis Netanyahu

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Vladimir Putin (adwat), ap pale ak Premye Minis Benjamin Netanyahu pandan rankont yo nan rezidans deta Bocharov Ruchei nan sit touristik Sochi ki bay sou Lanmè Nwa a - 14 me 2013.

Nan Moskou, Prezidan Vladimir Putin ap resevwa chèf gouvènman izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, madi 14 me 2013 la nan Krèmlen an, pou yo fè chita-tande kap santre sitou sou sitiyasyon an nan peyi Siri.

Izayèl ak divès gouvènman oksidantal gen kè-sote akoz pawòl kap pale pou di Larisi pral vann Siri zam anti-ayeryen modèn, yon bagay ki ta kapab vin konplike yon posib operasyon ki ta mache ak yon atak ayeryen kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la.

Minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov --ki tap abòde sitiyasyon an nan Siri semèn pase a-- te fè konnen gouvènman peyi l la tap mete dènye men nan lavant zam yo ak Siri e se yon tranzaksyon ki respekte kontra 2 peyi yo te deja siyen; men li pat presize si tranzaksyon yo genyen ladan yo batri misil 300 ki se tip zam anti-ayeryen Izrayèl ap pale a.

Prezidan Putin ak Premye Minis Netanyahu ap rankontre nan moman efò ap kontinye fèt pou prepare yon konferans entènsayonal sou Siri, daprè yon pwopozisyon Larisi ak Lèzetazini te fè semèn pase a.