Pwochen Vwayaj Sekretè Deta John Kerry nan Pwòch-Oryan an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Sekretè Deta ameriken, John Kerry, anonse li pral retounen nan Pwòch-Oryan an mwa sa a nan espwa li va remete sou ray pwosesis lapè ant Izrayèl ak Palestinyen yo.

Misye Kerry di li genyen pwojè fè chita-koze separe ak prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas e ak premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu.

Chèf diplomasi Etazini an fè anons sa a depi vil Wòm (peyi Itali) anvan l te genyen yon rankont ak minis jistis Izrayèl la, Tzipi Livni, ki anchaje tou kesyon ki gen rapò ak negosyasyon lapè yo.

Negosyasyon sa yo bloke depi fen ane 2008.

Otorite palestinyen yo di yo pa pral negosye tout tan Izrayèl pa sispann bati koloni pèpleman nan Si-Jòdani ak nan Jerizalèm-Est.

Izraelyen yo , yo menm yo, vle fè chita-pale san okenn kondisyon pa poze davans.