Bolivi Anonse Li Pral Ekspilse USAID/Reyaksyon Washington.

Prezidan Evo Morales ki tap pale sou Plas Murillo nan vil La Paz, nan okazyon Fèt Entènasyonal Travay la, premye me 2013 la.

Prezidan bolivyen an, Evo Morales, fè konnen li deside mete deyò nan peyi a Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la (USAID) sou akizasyon deske lap foure bouch li nan zafè prive peyi a.

Nan yon diskou Misye Morales fè nan okazyon premye me a, Jounen Entènasyonal Travay la, li di « Lèzetazini pral sispann abitid kote lap manipile ekonomi ak politik peyi Bolivi. » Pòt pawòl Depatman Deta a, Patrick Ventrell –ki rejte akizasyon an- reyaji pou l di Washington regrèt desizyon an anpil.

“Nou rejte akizasyon san fondman gouvènman bolivyen an lanse la a. Objektif USAID nan Bolivi depi 1964, se ede gouvènman bolivyen an amelyore lavi senp sitwayen li yo. Tout pwogram USAID yo apiye plan devlopman nasyonal gouvènman bolivyen an.”

USAID depanse prèske 2 milya dola nan Bolivi pandan 50 ane ki fèk pase yo. Men relasyon ant Lèzetazini ak Bolivi te vin gen tansyon depi gouvènman lidè gochis Evo Morales la te monte sou pouvwa a an 2006.

An 2008, Msye Morales te deja pran desizyon pou l mete deyò anbasadè ameriken an ansanm avèk plizyè ofisyèl Ajans Anti Dwòg Lèzetazini an ki tap opere nan peyi sid-ameriken an.