Posiblite pou Administrasyon Obama a Ame Opozisyon an nan Siri

Prezidan Barack Obama ap reponn keyon nan yon konferans pou laprès nan La Mezon Blanch, nan Washington . - 30 avril 2013.

Ozetazini, laprès rapòte Prezidan Barack Obama ap anvizaje posiblite pou l ame opozisyon an nan peyi Siri, yon aksyon li pat janm vle konsidere jiskisi, akoz krent ki genyen pou zam yo pa tonbe nan men rebèl ki kont loksidan.

Kèk otorite wo-plase nan La Mezon Blanch fè konnen Misye Obama poko pran okenn desizyon sou kesyon an; men li mande ekip sekirite nasyonal li a idantifye tout fason Lèzetazini kapab ogmante asistans li pou opozisyon siryèn nan. Jiskaprezan, administasyon amerikèn nan te limite asistans li nan niwo èd ki pa gen zam ladan n.

Nan yon deklarasyon pòtpawòl Konsèy Sekirite Nasyonal la, Madam Caitlin Hayden, fè parèt byen ta madi 30 avril 2013 la, li di asistans Lèzetazini pou opozisyon an pa sispann ogmante. Sepandan, otorite yo deklare gouvènman Obama a kontinye konsidere toujou mwayen ki kapab debouche sou yon solisyon politik pou kriz kap devlope depi 2 zan deja nan Siri.

Nan yon konferans pou laprès Prezidan Obama bay nan La Mezon Blanch nan menm jounen madi a, li di li bezwen plis detay sou kesyon pou konnen eske se vre, lame gouvènmantal la nan Siri te itilize zam chimik nan batay li avèk rebèl yo, anvan pou Lèzetazini pran aksyon ki pi dyanm kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la.

Nan menm konferans pou laprès la, Misye Obama te abòde domèn ekonomik la kote li rejte opinyon manm kongrè ameriken an ki akize l deske li egzajere move konsekans rediksyon ki fèt nan depans leta federal la. Sitiyasyon an rive nan pwen sa a (kote anplwaye nan divès biwo federal ap pèdi tavay yo), paske 2 pati yo, La Mezon Blanch ak Kongrè a, pat rive antann yo sou fason pou yo jere pwoblèm ekonomi amerikèn nan ap konfwonte. Prezidan Obama di:

« Rediksyon yo ap ralanti kwasans ekonomik nou. Konsekans la se moun kap pèdi travay yo. Sa pote pwoblèm nan lavi moun toupatou atravè peyi a. »