Pwochen Vizit Pezidan Barack Obama nan Peyi Meksik

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Nan moman prezidan ameriken an, Barack Obama, ap pare pou l vizite peyi Meksik semèn sa a, yon nouvo sondaj montre sitwayen eksiken yo gen yon opinyon favorab vizavi Lèzetazini –yon santiman ki pa sispann ogmante nan ane ki pase yo.

Sondaj sa a se travay sant rechèch Pew ; li jwenn 66 pousan meksiken genyen yon ide pozitif konsènan Lèzetazini.

Kidonk santiman sa a ogmante pa rapò ak rezilta rechèch ki te fèt ane pase a e ki te montre 56 pousan meksiken genyen panse pozitif konsènan gwo vwazen nò a; e li pi pozitif toujou pase rezilta sondaj yo te bay nan ane 2010 la kote sete 44 pousan meksiken ki te genyen opinyon pozitif konsènan Lèzetazini.

Sou kesyon imigrasyon an, sondaj Sant Rechèg Pew a di rezilta yo depaman: plis pase 60 pousan meksiken di yo pa ta vwayaje Ozetazini pou yo rete menmsi yo ya gen bon jan okazyon pou yo fè deplasman an, tandiske 35 pousan fè konnen yo ta prale si yo jwenn chans la.

Plis pase 11 milyon meksiken ap viv Ozetazini -pami yo genyen 6 milyon imigran ilegal.