Reyaksyon Favorab Lèzetazini Pou Enstalasyon Manm Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an Ann Ayiti

Logo Depatman Deta Etazini

Anbasad Etazini an nan Pòtoprens salye enstalasyon 9 manm Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an (CTCEP) ki fèt vandredi 19 avril la nan kapital ayisyen an.
Anbasad la estime"pouvwa egzekitif, lejislatif e jidisyè a franchi yon etap enpòtan nan direksyon òganizasyon eleksyon yo nan peyi Dayiti" avèk devlopman sa a.

E li fè remake "espri dyalòg, konpwomi ak sans responsabilite nesesè pou fè dosye enpòtan Ayiti yo avanse–prensipalman pou òganizasyon eleksyon senatoryal e minisipal yo ane sa a".

Misyon Diplomatik ameriken an swete aktè ayisyen yo ak pèp ayisyen an siksè nan demach sa a ki reprezante yon poto kwen enpòtan pou Ayiti e renouvle angajman gouvènman ameriken pou l kore pèp ak gouvènman ayisyen an sou wout kontriksyon yon avni pi stab e pi pwospè pou pèp la.