Opinyon Yon Palmantè Ameriken, dorijin Ayisyèn, sou Pwosesis Elektoral la ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ayiti - Eleksyon: Reyaksyon Kont Desizyon KEP a Pran Pou l Pa Pibliye Rezilta Definitif 1er Tou a

Yon depite ameriken ki gen orijin ayisyèn, Jean Luniol Jeudy, voye felisitasyon pèsonèl li bay palmantè ayisyen yo ki finalman chwazi 3 pèsonalite pou reprezante yo nan Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an (CT-CEP).

Misye Jeudi, ki fè pati asanble lejislatif Eta New Hampshire ki sou kòt lès Lèzetazini, swete pènolite sa yo va manifeste onètete yo epi yo va montre yo merite konfyans palman an plase nan yo. Lejislatè New Hampshire la swete kòlèg ayisyen li yo va travay nan bon jan tèt ansanm ak 2 lòt pouvwa yo pou ofisyalize enstitisyon elektoral la anvan lontan pou eleksyon lib, onèt e demokratik dewoule nan peyi d Ayiti.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute korespondan nou Wilson Dubuisson ki ban nou detay depi vil Boston, nan Eta Massachusetts.