Ayiti nan Sant Yon Seyans Depozisyon nan Chanm Bas Kongrè Lèzetazini an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ozetazini, sou-komite Chamn Depite a ki responsab zafè emisfè oksidantal la nan Kongrè ameriken an, te fè yon seyans depozisyon, jedi 28 fevriye 2013 la, sou tèm “Kout-je sou Enterè Lèzetazini nan Emisfè Oksidantal la – Opòtinite ak Defi”

Seyans sa a te gen ladan n, antwòt, Asistan-Sekretè Deta Roberta Jacobson ki nan Biwo Afè Emisferik Depatman Deta a, avèk Asistan-Administatè Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal, USAID, Mark Feierstein, ki responsab Biwo Latino-Ameriken ak Karayib nan USAID.

Pou sa ki gen rapò ak dosye peyi Dayiti a, jan USAID wè li, Misye Feierstein te pale pou l di:

"Atravè Karayib la, espwa moun yo kòmanse monte byen wo malgre tout gwo defi ki devan yo. Kantapou Ayiti, kote USAID envesti pi gwo kantite resous nan tout Amerik yo, peyi sa a ap fè pwogrè nan rekonstriksyon li lanse aprè tranblemanntè a. Pa egzanp, yon gwo kantite debri deja deplase; kantite moun kap viv nan tant yo bese seryezman; epi genyen yon nouvo pak endistriyèl kap fonksyone jounen jodi a."

Misye Mark Feierstein te kontinye pou l atire atansyon sou dispozisyon USAID pran pou l limite –e menm elimine-- koripsyon nan jesyon fon ajans la ap envesti ann Ayiti.

" Nan peyi d Ayiti e toupatou nan emisfè a, nou mete an plas mekanism kap garanti ke tout depans lajan kontribyab ameriken yo, se depans ki fèt kòmsadwa. Nou pap mete pa menm yon santim a la dispozisyon yon òganizasyon -kit se Ozetazini, kit se nenpòt lòt ki kote- si nou pa gen asirans lajan sa a ap byen depanse."

Mark Feierstein, Asistan-Administatè Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal, USAID- pale konsa nan yon seyans-depozisyon ki te dewoule nan bilding Rayburn nan Chanm dè Reprezantan an nan Washington.

Klike sou ikon ki agoch la pou w tande yon vèsyon odyo repòtaj sa a, avèk Jacquelin Bélizaire e Lyonel Desmarattes.