Konfimasyon Chuck Hagel kòm Nouvo Minis Defans Lèzetazini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ansyen Senatè Chuck Hagel jwenn konfimasyon n nan Sena a, nan fen jounen madi 26 fevriye 2013 la, kòm nouvo minis defans ameriken. Vòt final la dewoule preske 2 semèn apre senatè yo te ranvwaye seyans kote yo tap fè deliberasyon sou nominasyon an, paske anpil palmantè repibliken te gen pwoblèm ak pozisyon Misye Hagel sou sitiyasyon an nan Mwayen Oryan an e sou dimansyon lasnal nikleyè Lèzetazini.

Finalman, senatè repibliken yo te mete fen nan kritik yo epi anonse yo te dispoze apiye lide pou tout sena a vote sou nominasyon an. Anvan vòt la, Senatè Demokrat Eta Michigan, Carl Levin, te fè kolèg li yo konnen pou ki rezon yo te dwe vote pou konfime Misye Hagel kòm nouvo minis defans.

Senatè Levin te di:
“ Prezidan an bezwen yon minis defans li fè konfyans, ki va kapab pale ak li san zanbaj pou ba li konsèy fran e dirèk; yon moun ki gen entegrite e ki byen konnprann konsekans ki makònen ak desizyon pou nou itilize fòs militè. Li lè, li tan pou n elimine ensètitid kap peze sou « leadership » nan Pentagòn nan. Kounyela a se moman pou n konfime Chuck Hagel kòm nouvo minis defans ameriken; e mwen espere se sa egzatteman Sena a pral fè sa sou yon baz bi-patizan."

Prezidan Barack Obama pat pèdi tan pou l bat bravo pou konfimasyon Misye Hagel la; daprè li –nap site : "Lèzetazini genyen kounyela a minis defans nasyon an te bezwen an e lidè ki pral dirije fòs zame peyi nou an."

Chuck Hagel tounen premye ansyen senp sòlda e premye veteran Lagè Vyetnan nan kap okipe pòs minis defans Lèzetazini.