Etazini - Eleksyon: Kanpay la ap Kontinye 2 Semèn Avan Eleksyon yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
A 2 semèn eleksyon prezidansyèl yo, Prezidan Barack Obama ak rival repibliken li, Mitt Romney ap lanse yon dènye apèl bay elektè ki toujou poko deside pou kiyès nan yo 2 a yo pral vote .

Pandan yon rasanbleman nan eta Florid , Prezidan Obama akize ansyen gouvènè Romney dèske li chanje lide l pandan 3e e dènye deba prezidansyèl lendi swa a pami yo operasyon pou touye Osama bin Laden.

Prezidan Obama di: "Men nou konnen yon bagay…sa se vrèman yon kesyon enpòtan, sa gen rapò ak konfyans. Pa gen kesyon ki pi enpòtan nan yon kanpay prezidansyèl ke :Konfyans. Moun k ap dirije peyi a , ou fèt pou gen konfyans ke sa l di a li kwè ladann. Si yo di w yo pral fè yon bagay, se nan sa yo kwè, ou fèt pou gen konfyans ke efektivman yo pral eseye fè l. Sa pa vle di chak kandida pral fè tout bagay « a la perfection », men ou bezwen yon moun ki kapab gade w nan je e di : se nan sa m kwè, se pou sa m kanpe , se pou sa map goumen. Se pou sa kèm bat."

Pandan mesye Romney li menm te devan yon foul patizan toupre Las Vegas nan Nevada avèk kandida pou vis-prezidan an Paul Ryan, li di mesye Obama ap fè yon pakèt atak politik paske li pèdi konfyans pèp ameriken an.

Mesye Romney di:" nou fè 4 deba…4 deba : yon deba ak vis-prezidan an e deba m yo , nou pa janm tande yon pwogram prezidan an . E se poutèt sa kanpay li an ap fè fon , l ap pran dlo pandan ke kanpay pa nou an ap vale teren, lap pike pou pi devan."

Chak nan 2 kan yo di yo ranpòte deba lendi a swa nan Florid, men anpil nan gwo sondaj yo di se prezidan Obama ki genyen.Prezidan Obama kòmanse yon 2 jou kanpay nan 6 eta , sa yo rele “ Swing Sates yo” pami yo Iowa, Colorado ak Florid. Mesye Romney li menm ap fè rasanbleman nan Iowa.