Manifestasyon Kont Lamizè nan Fort Liberté. Bilan : yon Moun Mouri, 3 Blese

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ann Ayiti, manifestasyon dewoule nan Fort Liberte kont lavichè ak mank manje.

Yon moun mouri tandiske omwen 3 lòt blese.

Pwotestasyon Fort Liberté a se youn nan yon seri mouvman leve-kanpe kèk sektè ap mete sou pye depi kèk jou deja pou yo denonse sa yo rele « mank aksyon oubyen endiferans gouvèn-man santral la » devan mizè pèp la.