Prezidan Barack Obama ak Mitt Romney nan Rankont Anyèl Clinton Global Initiative

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Oganizasyon Clinton Global Initiative mete fen madi 25 septanm nan nan 3 jounen deba ki te dewoule sou tèm « Inove pou transfòme, kreye pou pote chanjman. »

Pou sa k konsène pwogram jounen an, nan yon premye tan, òganizatè yo te resevwa kandida a la prezidans pou Pati Repibliken an, Mitt Romney, ki te prezante vizyon li pou avni Lèzetazini ak rapò peyi sa a ak rès mond la.

Misye Romney, ki bay detay sou kèk nan objektif politik etranje li, fè konnen li gen yon plan pou l mete sou pye sa l rele Akò Pwosperite’ ak peyi ki sou wout devlopman yo.

Dapre plan misye Romney detaye a, gouvènman ameriken an ak sektè prive a ta kapab idantifye baryè ki bloke envestisman ak komès nan peyi an devlopman yo. Peyi ki leve baryè sa yo e ki ouvè mache yo ta kapab resevwa èd nen men Lèzetazini.

Kandida repibliken an kontinye pou l di: “Yon pwogram asistans ki chita sou lib antrepriz kapab kreye yon pwosperite dirab, alòske asistans tanporè kapab bay ekonomi yon peyi yon senp bourad e non pa ede l rekanpe sou 2 pye li.”

Nan yon 2èm tan, sete tou pa Prezidan Barack Obama pou l te pran lapawòl devan envite yo nan dènye jounen rankont anyèl Clinton Global Initiative la.

Misye Obama pran angajman, antwòt, pou l kontinye defann prensip ameriken yo atravè lemond; men li ensiste sou nesesite pou Lèzetazini bay egzanp pandan lap jwe wòl lidè li nan plizyè domèn.

Prezidan ameriken an pale pou l di "Lèzetazini pa pral izole tèt li pa rapò ak rès mond la."