Prezidan Martelly ap Rankontre Manm Sena a Anko sou Dosye Konsèy Elektoral la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly ap rankontre pou yon 2èm fwa ak Senatè yo pou yo abòde nominasyon 3 reprezantan kò lejislatif la nan Konsèy Elektoral Pèmanan an.

Yon premye rankont te pran fen san 2 pati yo pat rive jwenn yon solisyon sou dosye a.