Ayiti-Politik : Premye Minis Lamothe Konparèt Devan Chanm Bas la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, konfime gouvènman n nan ap fè eleksyon anvan fen ane 2012 la.

Misye Lamothe te konparèt devan chanm bas la vandredi pou l te reponn kèk kesyon depite yo te genyen sou gran pwen politik gouvènman n nan, sitou kesyon eleksyon pou renouvle 2 tyè Sena a ak kriz ki pete nan nivo CSPJ (Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a).

Chèf gouvènman ayisyen an fè konnen konsèy elektoral pèmanan se yon enstisyon konstitisyon amande a prevwa e se dewva Leta ayisyen pou l mete yon antite konsa sou pye.

Premye Minis la te prezante devan depite yo nan moman 2 manm CSPJ a kite pòs yo e pati konsène yo poko ka jwenn yon antant pou rezoud kriz ki pete nan mitan konsèy la.