Bilan yon Vwayaj 2 Jou Prezidan Martelly nan Ekwatè

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan Michel Martelly retounen Ayiti, jedi 12 jiyè 2012 la, apre yon vizit 2 jou nan Ekwatè kote li jwenn apui gouvènman ekwatoryen an pou pwojè administrasyon Martelly-Lamothe la genyen nan divès domèn.

Pandan sejou li nan Kito, Misye Martelly ak manm delegasyon n nan rankontre avèk Prezidan Rafael Correa e lòt ofisyèl gouvènman ekwatoryen an.

Se konsa tou Misye Maratelly siyen 2 akò kowoperasyon ki pral pèmèt Ayiti jwenn asistans Ekwatè nan reyalizasyon pwojè tankou konstriksyon wout, kreyasyon travay epi eksplorasyon posiblite pou Ayiti genyen yon nouvo fòs zame.