Meksik-Eleksyon: Enrique Peǹa Nieto Resevwa Konpliman Prezidan Obama ki Ofri l Apui Lèzetazini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Enrique Pena Nieto ki nan tèt rezilta eleksyon prezidansyèl la o Meksik fè konnen prezidan ameriken an, Barack Obama, rele l pou felisite l pou swadizan viktwa l e Misye Obama ofri li apui Washington nan kad objektif komen 2 peyi yo ap pouswiv.

Nan moman responsab elektoral yo fin konte 98 pousan vwa yo, rezilta yo bay Misye Peǹa Nieto –kandida PRI, ou Pari Revolisyonè Enstitisyonèl la- 38 pousan vòt yo pandan ke 31 pousan al jwenn ansyen majistra vil Meksiko a, Andres Manuel Lopez Obrador, kandida Pati Revolusyonè Demokratik la.

Mesye Lopez Obrador di gen fwod nan rezilta yo --yon bagay pèsonn pa ka aksepte. Pati ekstèm dwat li a gen pou deside si wi ou non li pral konteste ofisyèlman rezilta yo apre yo va finn konte tout bilten yo. Mesye Peǹa Nieto, bò kote pa l, pale ak patizan l yo pou l di yo Meksiken yo vote pou yon chanjman direksyon, men li pran angajman pou l kontinye mete presyon sou katèl dwòg yo.

Kandida PRI a di :
"pap genyen ni repi ni akò. Lit kont krim òganize a pral kontinye. Li posib pou rezilta ak balans nan estrateji aktyèl la pouse m fè kèk ajisteman nan taktik lit la."

Pati Misye Peǹa Nieto a, PRI, te dirije Meksik pandan 71 zan anvan li te vin pèdi pouvwa a an l’an 2 mil. Nan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule sa gen 12 zan, votan meksiken yo ki te fatige ak koripsyon e ak koken elektoral te eli Vicente Fox, kandida Pati Aksyon Nasyonal la kom prezidan.

Plis pase 50 mil moun pèdi lavi yo depi Prezidan Felipe Calderon te komanse sèvi ak lame pou goumen kont katèl dwòg yo yon ti tan apre l te monte sou pouvwa a an 2006.