FBI Arete 24 Moun Pou Swadizan Vòl Kat Kredi sou Entènèt la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Biwo ankèt federal Lèzetazini an (FBI) di li kraze yon gwo rezo mondyal kote moun tapkomèt fwòd kat kredi sou entènèt la. Yo arete 24 sispèk: 11 Ozetazini, tandiske 13 lòt yo jwenn arestasyon yo nan La Grann Bretay, Bosni-Ezegovin, Bilgari, Almay, Itali, Japon ak Nòvèj.

Daprè FBI toujou, sispèk yo tap dirije yon oganizasyon kriminèl mondyal ki mele nan zafè fabrikasyon kat kredi; moun ki fè pati òganizasyon sa a vòlè plizyè milye kat kredi, kont-an-bank e yo chanje yo pou yo achte machandiz epi jwenn sèvis.

Biwo FBI nan New York konsidere kout filè sa a kòm pi gwo operasyon konsa ki fèt nan listwa; li te dire plis pase 2 zan.