Yon delegasyon 16 manb Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti (MINUSTAH) te òganize yon atelye travay ak reprezantan plizyè sektè nan Lagonav pou abòde pwoblèm ensekirite ki poze sou nan zile a.
Youn nan manm delegasyon an, Roberto Richey, deklare:
“MINUSTAH la pou ede otorite Ayiti yo nan travay y ap fè pou yo tabli yon eta de dwa nan peyi a, pèmèt lajistis fonsyone pi byen, epi konsolide pwogrè eksperyans demokratik la”
Yon lòt kote, nan Jakmèl, Depatman Sidès Ayiti, grefye ak isye tribinal yo tanmen yon grèv kote yo sispann travay pou yo egzije otorite yo amelyore kondisyon travay yo, tankou ogmante lajan yap touche.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute devlopman 2 nouvèl sa yo ak korespondan nou Jean Rhode Prezeau epi Eveline Adonis.