Etazini ap Chèche Fòje Relasyon End ak Afganistan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Otorite Etazini yo fè konnen Minis Defans, Leon Panetta, pral ankouraje End pou l jwe yon wòl pi aktif nan Afganistan, lè l rankontre ak otorite endyen yo pou yo diskite sou sekirite nan rejyon an e sou relasyon nan domèn defans.

Msye Panetta rive nan kapital la New Delhi pou chita-koze pandan 2 jou. Li gen pou l rankontre ak Premye-minis endyen an Manmohan Singh, Konseye Sekirite Nasyonal Shivshankar Menon, ak Minis Defans A.K. Antony.

Li pral fè yon diskou sou politik Etazini, demen mèkredi a.