Yon Konferans 3 jou sou Ayiti Kòmanse Vandredi nan Washington D.C.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Yon konferans 3 jou, ki kòmanse vandredi premye jen 2012 la pou fini dimanch 3 jen, ap dewoule nan Washington, D.C., sou efò ki dwe fèt pou rebati legliz, lekòl ak lopital ki sou lobedyans Legliz Katolik d Ayiti e ke tranblemanntè a te kraze nan dat 12 janvye 2010 la.

Pou plis detay, kolèg nou Pierre Nazon Beauliere, pale ak Evèk Guy Sansariq (youn nan responsab achidyosèz New York la), ki nan mitan òganizasyon konferans sa a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon pati nan entèvyou a.