Ayiti: Prezidans la Rejte Akizasyon Kòmkwa Yon Senatè Dominiken te Finanse Kanpay Prezidan Martelly

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly rejte rezilta ankèt yon jounalis dominiken ki revele yon senatè dominiken ta ba li 2 milyon edmi dola avan e apre eleksyon ki te mennen li sou pouvwa a.

Daprè ankèt la, yon senatè dominiken, yon antreprenè ki gen bon relasyon ak Pati Liberasyon Domiiken an, -pati Prezidan Leonel Fernandez la- te finanse kanpay mesye Martelly.

Rapò a di senatè sa a ta bay Misye Martelly plis pase 2 milyon dolla e o-mwen 250 mil dolla ta ale jwenn kanpay Mirlande Manigat a ki te pedi eleksyon an devan Misye Martelly. Menm jan ak Martelly, Madam Manigat demanti akizasyon an.

Daprè jounalis dominikèn ki mete afè a deyò, setge yon “deal” kote kandida ki ta ranpòte laviktwa a ta va sèvi ak enfluyans li pou l pèmèt 3 antrepiz senatè a posede jwenn kontra gouvènman ayisyen an san kontra sa yo pa pase pa vwa legal la, sètadi san otorite yo pa soumèt yo devan piblik la atravè yon apèl dòf.