Ayisyen Manifeste nan Miami Pou Mande Jistis pou Trayvon Martin

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Plizyè santèn ayisyen k ap viv nan pati sid Eta Florid, Ozetazini, manifeste mèkredi 28 mas 2012 la pou yo mande jistis pou yon jèn nwa-ameriken, Trayvon Martin, ki mouri anba bal nan fen mwa fevriye a nan katye Sanford, Eta Florid.

Moun ki anba akizasyon deske li touye jèn gason sa a se George Zimmerman.

Ayisyen yo te genyen avèkyo divès otorite lokal ak rezidan afwo-ameriken k ap viv divès kominote Awondisman Miami-Dade la.