Yon gwo otorite lame amerikèn nan di kreyasyon zòn kote avyon pa gen dwa vole sou Libi a ann aplikasyon kòmsadwa apre Lèzetazini ak alye li yo lanse yon seri misil kwazyè ak atak ayeryen sou sib militè Libyen yo. Amiral Mike Mullen di sou televizyon jodi a pa gen oken avyon gouvènman libyen an ki pran lèzè depi operasyon militè Etazini ap dirije a te kòmanse samdi kont defans ayeryen ak fòs a tè Libi yo.
Men Sekretè Jeneral Lig arab la kritike atak ayeryen kominote entènasyonal la lanse sou Libi, yon semèn apre òganizasyon an te mande Nasyonzini enpoze yon zòn kote avyon pa gen dwa vole nan espas aeryen Nasyon Afrik du Nò a. Misye Amr Moussa, di dimanch 20 mas la atak ayeryen sou Libi yo ale pi lwen pase sa Lig la t ap chèche lè li te mande yon zòn kote avyon pa gen dwa vole nan Libi. Li di jounalis yo nan vil Lekèr gwoup la te vle senpleman pwoteje sivil yo, men pa bonbade yo.