Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Lanse Avètisman pou di La Risi ap Mennen Gwo Operasyon nan Es la


Nan foto sa a ke Biwo Lapres Prezidansyel Ikrenyen an distribye, Prezidan Volodymyr Zelenskyy pale nan vil Kyev, kapital Ikren, Dimanch 10 Avril 2022.
Nan foto sa a ke Biwo Lapres Prezidansyel Ikrenyen an distribye, Prezidan Volodymyr Zelenskyy pale nan vil Kyev, kapital Ikren, Dimanch 10 Avril 2022.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy lanse avètisman pou di twoup Ris yo "pral pouse pou pi devan pou pi gwo operasyon toujou" nan ès Ikrèn, e ke twoup li yo ap pare e "yap reponn."

Nan diskou li fè chak swa sou videyo Dimanch swa, Zelenskyy deklare jou kap vini yo ap esansyèl nan lagè sa a kap dire depi 6 semèn deja.

Li di tou nan yon entèvyou ak pwogram "60 Minutes" CBS la Dimanch swa ke pou Ikrèn siviv, fòk Etazini ogmante livrezon zam lap voye yo epi ke li remèt yon lis bay Prezidan Ameriken Joe Biden de bezwen Ikrèn genyen yo.

"Li gen lis la," Zelenskyy deklare. "Prezidan Biden ka antre nan listwa kom moun ki te kanpe zepòl a zepòl ak pèp Ikrenyen an nan moman yo ranpòte la viktwa epi chwazi dwa pou yo gen pwòp peyi yo. (Sa) depann de li tou."

Minis afè etranje Inyon Ewopeyen an ap rankontre Lendi pou diskite sou yon lòt seri sanksyon kont La Risi.

Nan Moskou, Chanselye Otrichyen an Karl Nehammer ap vizite lidè Ris la Vladimir Putin. Se premye vizit konsa yon lidè Ewopeyen fè nan La Risi depi Putin te lanse envazyon Ikrèn nan nan fen mwad Fevriye a.

Biden ap fè videyo-konferans Lendi ak Premye Minis End la, Narendra Modi. Etazini ap eseye mete presyon sou La Risi ak sanksyon, pami yo kèk ki vize endistri enèji a. End adopte yon pozisyon neut sou envazyon an e li kontinye ap achte petwòl ak gaz Ris. Li pat vote non plis pou sispann La Risi nan Konsèy Dwa Moun Nasyonzini an.

Sekretè de près Lamezonblanch la, Jen Psaki pibliye yon deklarasyon Dimanch ki di Biden pral pwofite rankont vityèl la pou diskite sou "konsekans lagè brital La Risi ap mennen kont Ikrèn nan, epi kijan yo ka kontrekare enpak sa ap genyen sou kantite manje ki disponib toupatou nan mond lan, ak disponibilite pwodwi de baz yo sou mache a. "

XS
SM
MD
LG