Accessibility links

Breaking News

Zak Vyolans nan Pakistan


Otorite nan pati nòdwès Pakistan fè konnen yon eksplozyon ki fèt nan yon rankont politik koze lanmò 4 moun pou pi piti.

Daprè menm sous la, 12 lòt moun omwen blese nan eksplozyon sa a ki fèt lendi 11 jiyè 2011la.

Otorite yo kontinye pou yo di yon gwo manm yon pati ki rele Lig Muzilman Pakistanè a, Ameer Muqam, te sipoze patisipe nan rankont sa a; men misye pa t prezan lè ekplozif la eklate a.

XS
SM
MD
LG