Lajistis ann Ayiti mete yon entèdiksyon vwayaj ak yon manda damne kont sitwayen Yves Léonard apre konkibin li majistra Tabarre la Nice Simon depoze plent pou li sou akizasyon vwa-d-fè ak tantativ dasasina.
Gouvènman an kondane ensidan an. Oganizasyon feminis yo mande jistis ak reparasyon pou viktim nan. Ministè lajistis la sispann pwovizwaman komisè gouvènman Kwadèboukè a Yvon Jean Noel ki ta gen nonn site nan yon dosye ki enplike Majistra Nice Simon.
Komisè a rejte tout akizasyon nan ankèt ULCC ap mennen kont majistrasyon sou fason lap jere byen komin nan.