Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Federal Kondane Sitwayen Robert Lorenzo Hester pou Aktivite Teworis


Robert Lorenzo Hester, yon sitwayen ameriken, ansyen manm lame Etazini; yon tribinal Federal kondane l pou aktivite teworis.
Robert Lorenzo Hester, yon sitwayen ameriken, ansyen manm lame Etazini; yon tribinal Federal kondane l pou aktivite teworis.

Yon tribinal federal kondane yon sispèk nan eta Missouri nan sant- wès Etazini pou- l pase 20 lane nan prizon poutèt patisipasyon l nan sa ki, dapre sa l te panse, se ta yon atak teworis ansanm ak kèk manm gwoup Eta Islamik la.

Robert Lorenzo Hester te plede koupab nan mwa septanm 2019 ane pase pou akizasyon kòmkwa li ta chache bay gwoup la sipò materyèl.

Depatman Jistis fè konnen Hester te pale de atak la ak yon anplwaye FBI ki te kache idantite l, kote li te fè konnen atak la t-ap gen bonm ak zam. Anplwaye FBI la te prezante tèt li kòm yon manm Eta Islamik.

XS
SM
MD
LG