Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè 5 Degre 8 Souke Madi 23 Daout la Washington, DC


Moun ki pran lari nan Wasington, D.C apre premye soukous tranbleman'tè 23 dawout 2011 la
Moun ki pran lari nan Wasington, D.C apre premye soukous tranbleman'tè 23 dawout 2011 la

Tè a tranble nan Washington, D.C madi 23 out 2010 la
Sèvis jeyolojik Lèzetazini an anonse yon tranbleman'tè 5.8 souke kòt lès peyi a, kreye panik nan mitan anplwaye piblik e prive nan kapital federal la ki kouri pran lari pou evite kwense anba debri sizoka bilding yo ta koumanse anfale sou yo.

Goudougoudou a frape rejyon an madi vè dezè apre midi (1 è 52 egzateman, midi senkant-de, lè ayiti). Sèvis jeyolojik ameriken an plase episant soukous la toupre Mineral (Eta Virginie) swa 135 kilomèt osidwès Washington, D.C

Otorite yo te oblije fè evakye lokal Kongrè a kote nou jwenn Chanm Depite ak Sena repiblik la, lokal Lavwad'lamerik la (ki te oblije sispann tout pwogram li apre tè a te koumanse tranble. Tranbleman'tè a, se pi gwo soukous moun janm santi nan Virginie depi 1897.

Kèk temwen rapòte genyen anviwon 3 pwent kloche Katedral Nasyonal la ki dekole sòt tonbe, men yo pa siyale blese. Moun jouk Boston, nan Eta Massachussetts (nan estasyon vakans Martha's Vineyard tou, kote prezidan Barack Obama ap pase vakans) ki santi soukous la. Se menman pou moun nan vil Pittsburg, Eta Pennsylvanie ak nan Atlanta, Eta Georgie. Systèm transpò piblik vil Nouyòk ak plizyè lòt vil ki te kanpe nan sikonstans lan, rekoumanse travay apre kèlkezè. .

Otorite federal yo fè konnen 2 santral nikleyè Louisa County yo, nan Virginie, te sispann travay otomatikman apre sistèm sekirite a te tenyen reyaktè yo. Genyen teknisyen ki ale sou plas pou verifye eta yo.

XS
SM
MD
LG