Yon tranblemanntè ki mezire 7, 4 sou echèl Richter la frape yon rejyon ki tou pre vil Acapulco, sou kot pasifik peyi Meksik, madi 20 mas 2012 la; men prezidan meksiken an, Felipe Calderon, nouvèl yo pa rapòte gwo domaj.
Sant jewolojik Lèzetazini an lokalize episant soukous la nan Eta Guerrero, nan pati sidwès Meksik. Temwen rapòte yo te wè bilding ki t ap balanse 2 bò nan kapital la, Meksiko, kote yon pakèt moun te pran kouri nan lari.
Sepandan majistra vil la, Marcelo Ebrard, deklare li pa wè gwo domaj ki vizib aprè li te fè yon toune sou kapital la nan elikoptè.