Accessibility links

Breaking News

Yon tranblemanntè 7.2 Degre souke dimanch peyi Turki


Sivivan nan vil Van, nan lès Turki, apre goudougou a. 10/23-2011
Sivivan nan vil Van, nan lès Turki, apre goudougou a. 10/23-2011

Yon tranblemanntè souke dimanch peyi Turki kote omwen 270 kretryen vivan pèdi lavi yo, dapre minis enteryè turk la Naim Sahin. Goudougou a, ki mezire 7.2 degre, frape rejyon lès peyi a, kote bilding kraze e anfale pil sou pil si ou konn pate-kode.

Plizyè dizèn milye moun kouri pran lari, de men nan tèt, ap rele anmwe pandan genyen zòt, telefon pòtab nan men, kap chèche konnen sa k rive fanmi yo nan yon panik tèt chaje.

Ercis, ki toupre fwontyè Iran, se vil ki sibi plis dega nan dezas natirèl la. Van, ki o sid Ercis, anrejistre gwo dega tou: otowout efondre, pon kraze, ak ayewopo a andomaje.

Dapre Kwasan Wouj Turk la, 80 bilding plizyè etaj tonbe nan Ercis--pami yo, yon dòtwa. Pami yo 40 gen moun bloke anba yo. Nan Van, toujou dapre Kwasan Wouj, genyen 10 bilding ki kraze.

Mustafa Erdik, direktè obsèvatwa Kandilli a, di nan yon konferans pou laprès, bilan viktim yo ka ant 500 ak 1000 mò lè li konsidere pisans goudougoudou a. Li fè konnen se goudougoudou pi pisan ki souke Turki depi 1999.

Otorite yo mande abitan yo rete lwen kay ki subi dega, paske sekous segondè, ki toujou fèt apre, kapab lakòz yo efondre.

Syantifik ameriken di, nan espas dizèd'tan, yo te deja konte plis pase 100 replik apre soukous 7.2 a. Genyen youn, nan lès Turki, yo estime ki te gen yon pisans 6.0 degre.

XS
SM
MD
LG