Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè 3.6 Frape Rejyon Metwopolitèn Washington,DC


Yon ti tranblemanntè ki te gen yon fòs 3,6 sou echèl Richter la, reveye rezidan kèk zòn nan rejyon Metwopolitèn Washington,DC a byen bonè (5:04 AM) vandredi 16 jiyè 2010 la. Pwen santral soukous la te sitiye nan Rockville-Bethesda. Sant jeolojik Etazini an di moun k ap viv nan Eta Pensilvani ak Vijini Oksidantal di yo menm tou, yo te santi soukous la ki te dire kèk segond. Lapolis nan zòn Washington,DC ak awondisman Montgomery kote nou jwenn vil Rockville ak Bethesda, fè konnen yo pa resanse okenn enfòmasyon ki pale de viktim ni domaj.

XS
SM
MD
LG