Accessibility links

Breaking News

Yon Trafikan Dwòg Kolonbyen Sou Lis Depatman Trezò Ameriken An


Depatman trezò Lèzetazini mete yon ansyen responsab kolonbyen nan yon lis espesyal kòm yon trafikan dwòg pou swa dizan rapò l ak tranzaksyon dwòg.

Nan yon deklarasyon ki parèt madi 19 oktòb 2010 la, Depatman trezò ameriken an di li pran desizyon akoz sa l rele abi pouvwa Guillermo Leon Valencia Cossio te egzèse lè li te direktè rejyonal biwo komisè gouvènman an nan Medeyinn, peyi Kolonbi.

Otorite ameriken yo pran desizyon sa a an konfòmite lwa amerikèn ki rele Kingpin Act la .

Daprè lwa sa a responsab ameriken yo gen dwa jele avwa nenpòt moun ki nan lis espesyal sa a ---sitou moun ki fè tranzaksyon ak moun ou konpayi ki sou lis nwa Etazini.

Lajistis nan peyi Kolonbi te jije Valancia Cossio pou koripsyon ak akizasyon kòmkwa li ta ede gwoup paramilitè ki nan trafik dwòg pami yo yon gwoup Daniel Rendon Herrera ap dirije.

XS
SM
MD
LG