Accessibility links

Breaking News

Yon Telefòn Pòtab Pou Ede Agrikiltè yo Ekonomize Lajan


Nan peyi Filipin, chèchè yo pral sèvi ak telefòn pòtab pou yo ede agrikiltè yo konnen ki kantite angrè yo bezwen pou yo ogmante nivo pwodiksyon yo. Inisyativ sa a kapab ede plantè ak elvè yo ekonomize lajan e pwoteje anviwonman an. Agrikiltè k ap viv nan zòn andeyò yo e ki pa gen ajan agrikòl pou ede yo, pral resevwa enfòmasyon enpòtan sou teknik agrikòl k ap vini sou telefòn pòtab yo.

Daprè kalkil espesyalis yo fè, angrè sèvi pou kore pwodiksyon anviwon 20% diri ki fèt sou kontinan azyatik la. Teknisyen k ap travay nan divès zòn sou kontinan Azyatik la pase plizyè ane ap fè eksperyans pou yo konnen ki fason ki pi bon pou pèmèt angrè amelyore pwodiksyon agrikòl yo.

Twò piti angrè vle di mwens pwodiksyon; donk mwens pwofi. Twòp angrè reprezante yon gaspiyaj lajan, an menm tan ke sa pwovoke plis polisyon.

Tradisyonèlman, agrikiltè yo boule ou byen yo remete nan tè pay diri pou yo fè angrè natirèl. Men yon pwoblèm sa poze, sè ke sa bay bay kantite angrè ki nesesè a. Alòs, ki kantite angrè ki bon pou tèl ou tèl jaden?

Gras ak nouvo teknoloji kap sèvi ak telefòn pòtab la, fèmye yo kapab jwenn repons la san yo pa menm fè deplasman pou yo ale lavil. Tout sa yon kiltivatè bezwen se yon telefòn pòtab pou li pran kontak ak yon santral telefonik. Se konsa tou, li kapab chwazi yon vwa k ap reponn li nan pwòp lang manman n.

Vwa sa a poze yon seri de kesyon tankou : ki dimansyon jaden an? Ki kantite diri li te pwodwi nan sezon pase a ? Ki kote li te jwenn angrè li te itilize pandan sezon pase a ? Eske se angrè natirèl, tankou pay diri ou byen labou ki te sòti nan inondasyon rivyè ou byen angrè chimik? pou n site kesyon sa yo sèlman. Fèmye a kapab reponn kesyon yo a pati de klavye ki sou telefòn pòtab la.

Yon òdinatè nan santral telefonik la ap fè kalkil la epi lap voye yon mesaj ekri bay fèmye a pou di l ki kantite angrè lap bezwen pou sezon an. Ekspè yo di si yo kapab antre an kontak ak 5 mil fèmye nan Filipin epi fè jaden yo pwodwi yon demi tòn diri pa ekta, yo kapab reyalize anviwon 500 mil dola benefis.

Daprè ekspè yo toujou, pwogram ogmantasyon pwodiksyon agrikòl la kapab ale pi lwen ke kontinan azyatik la, grasa posiblite anpil moun genyen pou yo sèvi ak yon telefòn pòtab.

Espesyalis yo fè konnen rechèch ki fèt sou kontinan Afriken an montre, sòti nan vilaj ki pi lwen gran sant yo nan Ouganda, pou rive sou plantasyon kote moun ki pi pòv yo abite nan peyi Nijèr, prèske tout moun genyen yon telefòn pòtab a la dispozsiyon yo grasa pri a ki abòdab.

Nan Zanbi, pa ekzanp, rechèch yo fè wè plantè ak elvè ki pa gen lajan la bank kapab sèvi ak telefòn pòtab pou yo achte semans ak angrè san yo pa bezwen ale lavil.

Alòs, menm lè yon telefòn pòtab kapab pa sèvi pou netwaye yon teren, ni pèmèt yon plantè rekòlte legim, li reprezante youn nan pi bon zouti yon fèmye kapab posede.

XS
SM
MD
LG