Accessibility links

Breaking News

Yon Tanpèt Twopikal Ka Fè Kanpe Netwayaj K ap Fèt Nan Gòlf Meksik La


Sant Ouragan nasyonal Etazini an fè konnen yo lanse yon alèt tanpèt twopikal pou kèk zonn nan eta Florid ak zile Bahamas yo. Responsab sant ouragan an di depresyon twopikal la ki vini ak van k ap soufflé a 55 kilomèt alè, byen kapab pran direksyon nodwès ofiramezi vitès li ap pran jarèt.

Otorite ameriken yo ap swiv avék atansyon yon move tan k ap pran fòs e kap deplase nan direksyon Golf Meksik la; konsa yo ranvwaye efò y ap fè pou yo bouche an pèmanans yon pui petwòl ki koule e k ap lage gaz nan lanmè a.

Chéf ekip k ap mennen operasyon yo, Thad Allen (yon amiral nan Gad Kòt Lèzetazini) fè konnen si move tan an antre nan zòn nan, sa kapab oblije bato k ap patisipe nan operasyon yo, deplase e antre nan pò yo; konsa, travay yo ap oblije kanpe.

Dènye nouvèl yo fè konnen move tan k ap deplase nan Lanmè Karayib la byen kapab antre nan Gòlf la finalman, epi deranje operasyon amiral Allen ap dirije yo.

Dapre sa Sant Nasyonal Ouragan Lèzetazini an di jedi 22 jiyè a, genyen 50% chans pou move-tan-an tounen yon tanpèt twopical anvan li rive sou kòt peyi Meksik nan youn ou 2 jou.

XS
SM
MD
LG