Accessibility links

Breaking News

Yon Seyans Diskisyon sou Wòl Fanm nan Rekonstriksyon Ayiti ap Dewoule nan Washington, DC

Wòl Fanm nan Rekonstriksyon Ayiti: se tèm yon seyans diskisyon ki dewoule nan U.S. Institute of Peace, nan Washington, sou patwonaj enstiti sa a avèk Vital Voices.

Objekif la se sansibilize otorite yo sou kontribisyon medam yo kapab pote nan efò k ap fèt pou rekonstri peyi d Ayiti aprè tranblemanntè 12 Janvye 2010 la. P

anelis yo pral abòde sitiyasyon fanm aysiyèn k ap viv anba tant jous jounen jodiya.

Ann Ayiti, fanm yo sèvi ak medya sosyal yo pou yo pale de pwoblèm y ap konfwonte nan kominote yo epi fòse dirijan yo fè chanjman politik ki kapab pèmèt yo jwe yon pi gwo wòl nan zafè peyi a.

Pami panelis yo, genyen :

-Depite ameriken Donna Edwards (D-MD)

-Yanick Mézile, Minis Ayisyen pou Zafè Fanm

-Michel Montas, jounalis, konsiltan nan zafè dwa moun, ansyen pòt-pawòl Sekretè Jeneral Nasyonzini

-Emily Jacobi, Ko-fondatris ak direktris Digital Democracy,

-Kathleen Kuehnast, direktris Gender and Peacebuilding nan U.S. Institute of Peace,

-Dr. Robert Maguire, prezidan Gwoup Travay sou Ayiti, nan U.S. Institute of Peace;

- Robert Perito, direktè Pwogram Ayisyen nan U.S. Institute of Peace.

Sèvis Kreyòl Lvwadlamerik la ap kouvri evennman sa a. Swiv repòtaj nou yo.

This item is part of
XS
SM
MD
LG