Senatè demokrat ameriken Kirsten Gillibrand egzòte Prezidan Barack Obama pwolonje Estati Pwoteksyon Tanporè (T.P.S) pou ayisyen k ap viv san papye legal nan peyi Etazini anvan tranblemanntè 12 janvye ane pase a.
Senatè Nouyòk la pibliye yon deklarasyon yè, kote li mande misye Obama pwolonje stati pwoteksyon tanporè a pou ayisyen sa yo pou jouk ane 2012. Desizyon sa a va anpeche pandan 18 mwa sèvis imigrasyon Etazini depòte yo e pèmèt yo travay Ozetazini. Pwoteksyon tanporè ayisyen ilegal yo genyen kounye a ap bout nan mwa jiyè kap vini an.
Lèzetazini bay “pwoteksyon sa a” pou moun ki sòti nan peyi ki ap fè fas ak dezas natirèl, konfli ame, tankou lagè sivil oubyen kap fè fas ak lòt kondisyon ekstraòdinè e tanporè.
Gillibrand di ke nan moman moun ap komemore premye anivèsè tranblemanntè a, yo pa dwe bliye angajman yo te pran pou ede Ayiti. Senatè a di “sivivan trajedi yo fè moun sonje kouraj, espri detèminasyon ak lespwa ki te ap boujonnen anba debri ak “ruine” trajedi a.