Accessibility links

Breaking News

Yon Pwogram Asistans Finansye Pou Inivèsite Prive yo Ozetazini


Prezidan Barack Obama ta renmen wè Lèzetazini genyen inivisitè diplome ki gen plis konpetans sou planèt la, akondisyon pou inivèsite prive yo swiv yon seri de règleman. Inivèsite sa yo resevwa plizyè milya dola chak ane nan lajan kontribyab yo gras ak lajan etidyan yo prete nan men gouvènman federal la.

Dapre Depatman edikasyon nasyonal ameriken an, kèk pami lajan sa a gaspiye tandiske etidyan an fin pa genyen yon gwo dèt pou li peye. Yon etidyan ki vle aplike pou prè k ap ede l peye eskolè yo,li dwe pase 2 tès ki pèmèt yo avalye nivo konesans li. Gen yon lòt tès ki kalkile longè tan l ap pran etidyan an pou l remèt lajan l ap prete a, menm si li pa ta fin konplete pwogram etid la.

Tout echèk nan tès sa yo kapab diskalifye yon etidyan tanporèman ou definitivman ; konsa li pap ka patisipe nan yonn pwogram asistans finansye gouvènman federal la.

An 2008, prèske 2 milyon etidyan te patisipe nan pwogram nan, swa prèske 3 fwa kantite ki te enskri an lan 2000. An 2009, 5 nan sant inivèsitè prive ameriken ki genyen plis prestij yo, te resevwa plis pase ¾ nan tout lajan asistans finansye gouvènman federal la mete ala dispozisyon inivèsite yo.

Responsab yo di inivèsite prive yo (ki la pou chache benefis) pa sibi menm sipèvizyon ak inivèsite piblik yo. Sou chak gwoup 100 etidyan ki pran diplòm yo nan inivèsite prive yo, 18 ladan yo pa remèt dèt yo genyen pou gouvènman federal la, tandiske sou 100 etudyan ki fini etid yo nan inivèsite piblik yo, se 5 ki pa peye dèt yo.

Depatman edikasyon nasyonal Lèzetazini an mande piblik la opinyon n sou fason pou l prepare yon seri règleman k ap poze kondisyon pou inivèsite prive yo patisipe nan pwogram asistans finansye gouvènman federal la.

  • Kèk pami règleman yo kapab mande pou inivèsite yo pibliye lis etidyan ki diplome lakay yo e di ki kantite pami yo ki jwenn travay apre yo fini etid yo. Règleman sa yo kapab pare pou piblikasyon nan mwa novanm 2010 la.
XS
SM
MD
LG