Accessibility links

Breaking News

Yon Pwòch Kolaboratè Prezidan Afgan an Ta Sou Pewòl CIA


Jounal ameriken New York Times fè konnen yon pwòch kolaboratè prezidan peyi Afganistan an, Mohammed Zia Salehi --k ap travay pou Konsèy Sekirite Nasyonal Afganistan an e ki anba ankèt poutèt li ta swadizan mele nan koripsyon-- twouve l sou pewòl Ajans Santral Ransèyman Lèzetazini an, CIA.

Jounal la site kèk ofisyèl ameriken ak afgan ke li pa nonmen e ki ta ki kòmkwa pwòch kolaboratè sa a sanble genyen plisyè lane déjà depi l ap resevwa lajan nan men CIA.

New York Times di li pa fin klè si misye Salehi ap touche kòb sa a pou l bay enfòmasyon oubyen pou l ede Lèzetazini fè opinyon n pase nan mitan administrasyon Prezidan afgan an, Hamid Karzai.

Mohammed Zia Salehi pa fè deklarasyon imedyatman sou akizasyon sa a.

XS
SM
MD
LG