Accessibility links

Breaking News

Yon Pi Bon Kafe Brezilyen pou Satisfè Konsomatè yo


By Jean Robert Philippe

Plantè kafe brezilyen yo vle pou konsomatè yo konsidere peyi yo non sèlman kòm pi gwo pwodiktè kafe nan lemond, men tou kòm peyi ki pwodwi pi bon kafe a.

Novanm se mwa kote plantè yo fè dènye rekolt yo pou ane a. Plantè yo itilize metòd natirèl pou yo seche grenn kafe a pandan 3 jou avan yo moulen n pou vann ni sou mache entènasyonal la.

Chif ki sòti sou mache entènasyonal la montre Brezil pwodwi 50 pou 100 kafe kap vann sou planèt la’ men mwatye nan pwodiksyon an se pa kafe ki gen bon kalite. Pou plantè yo amelyore nivo pwodiksyon an, yo deside rache ansyen pye-kafe yo, mete lòt ki nouvo e pi jèn nanplas yo pou yo kapab rekòlte yon pi bon pwodwi. Yo fè sa pou yo adapte yo ak chanjman rapid k ap fèt sou mache mondyal la e pou satisfè demand konsomatè yo. Sa vle di, yo dwe jwenn plant ki kapab non sèlman reziste anba maladi, men tou ki pwodwi plis kafe.

Gras ak ogmantasyon pri kafe a sou mache mondyal la, fèmye yo espere fè plis benefis. Pandan ane 2010 la, Brezil te jwenn yon bourad nan sans sa a apre yon group ekspè finansye ameriken te lanse lide pou yo ajoute peyi a nan lis yon group pwoduktè kafe kap vann pwodui yo sou mache entènasyonal la. Desizyon sa a ouvè yon bèl pòt pou fèmye yo; men tou sa mete devan yo yon defi pou yo satisfè mache a ak yon pwodwi ki gen pi bon kalite.

Pou plantè brezilyen yo leve defi a, yo dwe adopte lòt teknoloji olye pou yo konte tout tan sou lapli pou plant yo bay bon rezilta. Yo kapab enstale yon sistèm irigasyon pou awoze teren yo pandan yap sèvi ak angrè. Sistèm sa a kapab koute pi chè pase metòd tradisyonèl la; men li kapab rapòte plis benefis nan zan si pri kafe a pa bese sou mache a. Plantè kafe brezilyen yo rekonèt sèl fason pou yo ka fè konpetisyon e kenbe sou mache a, se pou yo pwodwi plis kafe ki gen bon kalite pou yo satisfè demann konsomatè yo kap vin pi egzijan chak jou.

XS
SM
MD
LG