Accessibility links

Breaking News

Yon Panel FDA Apwouve Vaksen Booster Moderna a Kont COVID-19


Yon boutey vaksen Moderna kont COVID-19, nan yon lopital nan vil Denver, eta Colorado, 14 Oct. 2021.
Yon boutey vaksen Moderna kont COVID-19, nan yon lopital nan vil Denver, eta Colorado, 14 Oct. 2021.

Yon Panel konseye sou la sante Ameriken apwouve vaksen siplemante "booster" pou konpayi Moderna. Konseye yo ki travay ak Administrasyon Manje ak Medikaman an - FDA vote Jedi pou rekomande yon doz pi leje vaksen COVID-19 Moderna a pou granmoun ak lot moun ki gen sante frajil yo.

Gen plizye milyon moun ki te resevwa premye vaksen Pfizer yo sa gen 6 mwa desa, ki komanse pran vaksen "booster" konpayi famaseutik sa a.

Panel FDA la pral diskite sou vaksen siplemante pou moun ki te resevwa vaksen coronavirus Johnson & Johnson nan Vandredi.

Otorite yo atann yo aske ap gen yon desizyon final sou kestyon an semenn pwochen. Responsab Ameriken yo souliye priyorite a se vaksinen 66 milyon Ameriken ki poko resevwa vaksen COVID yo e ki elijib pou fe sa.


Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG