Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Rapò Sou Enèji Renouvlab K ap Diminye ann Afrik


Rezo Entènasyonal Zanmi Lanati, yon gwoup k ap defann anviwonman an, kritike konpayi peyi manm Inyon Ewòp la k ap mache achte tè nan men kominote k ap viv nan rejyon ki anba Sahara a sou kontinan afriken an. Dapre yon rapò rezo a pibliye, tranzaksyon konsa gen efè negatif sou pwodiksyon manje tradisyonèl nan peyi ki nan rejyon an. Rapò gwoup la fè konnen konpayi ewopeyen yo deja achte plis pase 5 milyon ekta tè nan rejyon an --yon kantite tè ki gen menm dimansyon ak teritwa nasyonal peyi Danmak. Tè sa a pral sèvi pou pwodui enèji renouvlab pou fè motè machin fonksyone, pa ekzanp.

Nan ane ki pase yo, konpayi yo antre sou mache afriken an pou yo pwodwi enèji renouvlab apati de lwil maskriti, kann ak lòt plant ki kapab sèvi pou bay enèji nan peyi sou devlope yo. Rezo Entènasyonal Zanmi Lanati lanse avètisman pou l di ogmantasyon demand pou enèji renouvlab yo gen move konsekans sou pwodiksyon manje ki te deja limite.

Ofisyèlman, depi plizyè jenerasyon, yon peyizan pa posede bitasyon ou plantasyon kote l ap viv la. Dapre rapò a, sa ki rive souvan, sè ke gouvènman yo ki vle atire envestisè agrikòl kout ke kout, pa gen pwoblèm pou yo vann gwo pwopriyete san yo pa chache konnen opinyon kominote lokal kipral sibi konsekans desizyon an. Konpayi yo konn fè otorite yo pwomès pou yo plante pwodwi yo kapab itilize pou yo tranfòme ann enèji altènatif, kreye travay epi konbat lamizè. Espesyalis yo poze kesyon pou yo mande èske se yon bon mwayen pou yo sèvi ak pwopriyete yo, ou byen èske kominote yo pa ta dwe gen plis dizon nan desizyon otorite yo ap pran pou yo vann yon tè manm kominote sa yo deja ap itilize.

Daprè rapò Rezo Entènasyonal Zanmi Lanati a, sa ki reskonsab yon sitiyasyon konsa, se politik anviwonmantal ki an pratik nan peyi manm Inyon Ewòp la. Nan kad efò k ap fèt pou konbat chanjman klimatik yo, Inyon Ewòp la te pran angajman pou l ajoute 10 pou 100 sou kantite machin transpò kap fonksyone ak enèji altènatif disi lan 2020. Ekspè yo di Ewopeyen yo pa gen espas ase pou yo satisfè demand ki genyen lakay yo; donk yo ale sou kontinan afriken an pou yo kapab ogmante pwodikson enèji altèvatif la.

Rapò a di enèji ki soti nan pwodwi vejetal yo pa vrèman diminye emisyon gaz nan atmosfè a ; okontrè, rezilta sa bay, se debwazman ak mank dlo. Rezo Entènasyonal Zanmi Lanati lanse apèl bay responsab yo nan peyi manm Inyon Ewòp la pou l mande yo abandone objektif yo fikse pou yo jwenn ase enèji renouvlab pou popilasyon lakay yo itilize, si yo pa vle ogmante mank manje ki deja gen move konsekans sou rejyon pòv yo atravè lemond.

XS
SM
MD
LG