Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Komisè Polis Enstale nan Komisarya Sen Mak la, Bas-Artibonite


Komisè prensipal Jean Claude Jean se non nouvo kòmandan chèf polis la nan vil Sen- Mak. Foto: Junior Racine, 30 septanm 2019.
Komisè prensipal Jean Claude Jean se non nouvo kòmandan chèf polis la nan vil Sen- Mak. Foto: Junior Racine, 30 septanm 2019.

Yon nouvo komisè polis enstale nan têt Komisarya Sen-Mak byen bonè dimach 29 septanb 2019. Komisè prensipal Jean Claude Jean se non nouvo kòmandan chèf polis la nan vil Sen- Mak. Mesye Jean ranplase kòlèg li komisè prensipal Joseph Marie Dieunane Borgelin nan pòs sa.

Jean Claude Jean se ansyen komisè polis nan vil akayè yon bouk nan depatman Lwès. Chanjman sa rive nan moman manifestan kontinye pran lari pou pwoteste kont Prezidan Jovenel Moïse. Semèn pase a plizyè manifestan te pran lari nan bas-Artibonite, Sen Mak kote yo te voye yon pinga bay Komisè Deiunane pou l pa mete polisye yo fas ak popilasyon an.

Korespondan lavwadlamerik nan Sen Mak Junior Racine.

XS
SM
MD
LG